Kreyòl Ayisyen

Tribinal Siperyè Allen founi sèvis entèpretasyon nan plizyè lang ak nan Lang Siy Ameriken (American Sign Language, ASL) nan kad pwosedi jidisyè pou garanti bon jan patisipasyon nan pwosesis jidisyè a pou tout itilizatè yo nan tribinal. Avèk sèvis sa yo, tribinal la favorize aksè nan jistis egal epi garanti pwosedi jidisyè ki jis ak konpreyansib pou itilizatè yo nan tribinal la ki gen divès kalite orijin.

Si sèvis entèpretasyon lang an pèsòn yo pa disponib, tribinal la kapab founi asistans entèprèt nan telefòn (dapre otorizasyon règ tribinal la) pa mwayen itilizasyon sèvis de yon founisè sèvis lang ekstèn. Tribinal la afekte entèprèt lang kalifye gratis nan ka kriminèl, relasyon familyal, CHINS ak ka òdonans pwoteksyon yo nan pwosedi jidisyè yo.

Tribinal Siperyè Allen founi sèvis entèprèt ASL an pèsòn selon bezwen yo, konfòmeman ak Lwa pou Ameriken Andikape yo (Americans With Disabilities Act). Tanpri enfòme tribinal la byen vit otank posib konsènan bezwen w pou yon entèprèt ASL, pou asire kapasite pou nou jwenn sèvis sa yo nan yon delè kòmsadwa.

Si ou bezwen sèvis yon entèprèt, tanpri kominike bezwen sa ba avoka/defansè piblik ou, pèsonèl tribinal la oswa pèsonèl responsab aplikasyon lalwa yo pou aranjman ka fèt pou sèvis apwopriye yo.

####

715 S. Calhoun Street, Fort Wayne, IN 46802

Contact UsFollow Us